Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Repibliken an Antre Nan Dezyèm Jounen ni - 2004-09-01


Apre yon premye jounen (lendi 30 out) ki te santre sitou sou omaj pou viktim ak ewo 11 septanm 2001 yo, dezyèm jounen Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an mete "en vedette" yon gouvènè e aktè ki trè popilè pami elektè endepandan yo e ki pa dakò ak Prezidan Bush sou divès dosye, tankou dwa pou fi fè avòtman volontè, wòl leta nan maryaj, elatriye. N'ap pale de Arnold Schwarzenegger, Gouvènè eta ki gen plis moun nan Inyon an--Kalifòni.

Sepandan atansyon anpil moun fikse tou sou Premyè Dam Laura Bush ki se dènye oratè sou pwogram jounen madi 31 out la. Ki sa li pral di? Koute repòtaj nou an pou w'ka gen yon lide.

XS
SM
MD
LG