Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an ouvè maten an nan vil New York, yon jou apre yon kokenn manifestasyon anti-Bush, devan Madison Square Garden, stadium kote evènman an ap dewoule a.
Pami oratè ki sou pwogram jodi lendi a, nou jwenn ansyen majistra Rudolph Giuliani, ak yon ansyen rival msye Bush nan pati Repibliken an, Senatè John McCain.
Nan yon pwogram ki maten an sou CBS, msye McCain te di, “m'ap apiye Prezidan Bush akòz kapasite li montre kòm lidè nasyon nan epòk lagè nap mennen kont teroris yo. Senatè McCain gen anpil popilarite nan mitan elektè endepandan yo, kap pratikman endispansab pou garanti viktwa kandida repibliken an 2 novanm kap vini an.
Klike sou lyen anlè atik sa a pou yon repòtaj sou ouvèti konvansyon repibliken an.