Accessibility links

Breaking News

Mini-Konvansyon Katolik Ayisyen nan New York - 2004-08-27


Fidèl katolik ak lòt relijyon ki soti nan plizyè vil Ozetazini te rasanble samdi 21 out la nan vil New-York pou yon mini-konvansyon e Paj Relijyon VOA a te sou plas.

Yo te plizyè santèn ayisyen ki te kase randevou nan Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an, nan Brooklyn. Tèm jounen an se te inite, tèt-ansanm. Òganizatè prensipal la, Monsenyè Guy Sansaricq, pat kache satisfaksyon ni, yon satisfaksyon nou te note tou sou vizaj e nan deklarasyon anpil patisipan ki te pale ak Lavwa d Lamerik. Nou te remake prezans asosyasyon medsen ayisyen aletranje, ògàn de près, ak delegasyon fidèl ak zanmi ki soti nan plizyè vil sou kot Ès Etazini an.

Plizyè oratè te pran lapawòl.Pami yo te gen Doktè Rodrigue Mortel ki te soti nan Achidyosèz Baltimore, nan eta Maryland. Doktè Mortel ap dirije kèk lekòl nan vil Sen-Mak, ann Ayiti, kote timoun defavorize, restavèk, kapab jwenn levasyon e aprann metye san senk kòb. Epitou, omwen 30 fanmi jwenn travay, gras ak misyon sa a ke pèsonalite ak gwoup ozetazini ap finanse, dapre deklarasyon Doktè Mortel.

Nouvo prezidan Asosyasyon Medsen Ayisyen Aletranje, Doktè Eric Jerôme, te pale sou fason espri tèt-ansanm nan dwe egziste nan tout nivo, depi sou lafanmi, pase nan gwoup ak asosyasyon, rive nan antrepriz e, finalman, nan tout nasyon an. Menm lide a te travèse remak youn nan responsab edisyon nouvèl kreyòl Vwad Lamerik yo ki te prezan sou envitasyon Apostola a.

Nou remèsye Monsenyè Guy Sansarick ak Frè Buteau Espiègle pou mansyon espesyal Paj Relijyon Vwad Lamerik la te jwenn nan mini-konvansyon 21 out 2004 la nan New York.

XS
SM
MD
LG