Accessibility links

Breaking News

Brezil kale Ayiti 6 a 0  Nan Match Foutbòl Amikal Pou lapè a. - 2004-08-19


Seleksyon brezilyen an ki tap jwe avèk kèk nan meyè vedèt li yo, tankou Ronaldo, Ronaldinho ak Roberto Carlos twonse rival ayisyen li an ak yon kal 6 a 0 mèkredi apre midi nan stad Sylvio Cator, nan sant kapital ayisyen an, Pòtoprens. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl Lavwad'lamerik la, Jean-Robert Philippe, di nou se te yon espektak (de toute beauté) wololoy brezilyen yo ansanm ak kòlèg foutbolè ayisyen yo remèt nan Pòtoprens, kote te genyen yon anbyans fèt alokazyon rankont foutbòl amikal istorik sa a. Yon lòt kote, sekretè jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan, ki te depeche yon misyon mentyen lapè nan peyi dAyiti voye yon mesaj espesyal nan okazyon an bay pèp ayisyen an.

Ale sou lyen anlè a pou ou koute deklarasyon m'sye Annan nan.

XS
SM
MD
LG