Vèdik sa a ki tonbe nan nuit lendi 16 pou louvri madi 17 Out la di “ansyen kòmandan rebèl la ansanm ak yon lòt ko-akize, Jackson Joanis, pa koupab asasinay Antoine Izmery. Msye Izmery se yon ansyen finansye ansyen prezidan ekzile ayisyen Jean-Bertrand Aristide nèg ak zam te asasinen an 1993. Nan yon pwosè ki dewoule nan plen nannuit, lajistis jwenn Chamblain--youn pami ansyen lidè gwoup FRAPH la (Fwon Pou Avansman Ak Pwogrè Pèp Ayiti) non-koupab. Sepandan lap rete nan prizon ak lòt konpayèl akize’l la pou yo reponn lòt “charges” kap peze sou do yo. Nouvèl la di, FRAPH, responsab lanmò 3 mil sivil pandan rejim militè Raoul Cedras la, ant 1991 ak 1994.
Isit Washington, nan yon deklarasyon li pibliye apre midi a, Depatman d’Eta Ameriken fè konnen Lèzetazuni enkyete anpil an fas akitman Louis-Jodel Chamblain ak ansyen responsab polis, Jakson Joanis ke yo akize pou asasinay Antoine Izmery. Depatman an di “nou regrèt anpil fason “prese-prese” yo prese refè pwosè mesye yo e ki lakòz te genyen feblès nan pwosedi jidisyè a e ki fè moun poze kesyon sou entegrite pwosesus la. Deklarasyon an ajoute "Lèzetazuni mande gouvènman ayisyen an asire’l ke pwosè ki gen pou wè ak akizasyon vyolasyon dwazimen grav e ak kalte krim sa yo dewoule yon fason ki kapab enspire konfyans.