Accessibility links

Breaking News

Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, Genyen Referendòm-Revokasyon an. - 2004-08-16


Konsèy Elektoral venezuelyen an anonse prezidan Hugo Chavez ranpòte referendòm "rejete a" ke opozan li yo te reklame pou wetel' sou pouvwa a. Apre kontaj 94 pou san vwa yo, plis pase 58 pou san elektè di "NON' yo pa dakò pou prezidan an kite pouvwa a". A 4 trè di maten lendi 16 Out la, m'sye Chavez te parèt "en chantant" devan patizan l'yo sou balkon palè prezidansyèl la, Miraflores, nan vil Caracas. Li felisite viktwa "NON an" kòm yon viktwa pou Venezuela. Nan deklarasyon li fè pou okazyon an, prezidan Chavez di tou li respekte opozan li yo ki gen dwa pa dakò avèk li... epi li envite sila ki te vote pou revoke l' yo vinn pote-kole nan selebrasyon an paske viktwa sa a "se viktwa nasyon an". Lidè venezuelyen envite opozan politik li yo selebre viktwa sou vòt-rejete ki reprezante, dapre li, yon vòt kont vyolans e yon defèt pou zòt ki te vle chanje gouvènman an nan koudeta. M'sye Chavez ki sou pouvwa a depi apeprè 4 tran nan Venezuela te dirije li-menm yon tantativ koudeta militè an 1992 pandan li te nan lame venezuelyèn nan; e nan mwa Avril 2002, li te manke pèdi pouvwa a tou nan yon lòt kou manke.

Kèk nan dirijan opozisyon an rejte rezilta referendòm an ki, dapre sa yo di, te gen koken. Men reprezantan OEA (òganizasyon Eta Ameriken) ak yon ekip obsèvatè ansyen prezidan Jimmy Carter tap dirije te sou plas e yo pat silaye okenn iregilarite pandan dewoulman konsultasyon elektoral la, dimanch 15 Out la.

XS
SM
MD
LG