Msye Glover site kòm rezon kesyon la’p poze tèt li sou lejitimite gouvènman ki o pouvwa ann Ayiti kounyie a.
Aktè a deklare samdi pase a li pa vle pou moun panse li an favè gouvènman ki monte sou pouvwa a apre yo te fose ansyen prezidan Aristide kite peyi a. Msye Glover ki te vedèt prensipal nan film “Zam Fatal la” te ede nan planifikasyon ak òganizasyon kwazyè la. Kwazyè sa a ki te gen kòm bu pou make komémorasyon bisantnè endepandans peyi d-Ayiti a ta pral pèmèt pasaje yo al vizite anpil sit istorik nan peyi a, o lye de sa, yo pral sutou rete nan yon zònn kote k gen plaj ann Ayiti.