Accessibility links

Breaking News

Ansyen Presiden Ayisyen an Jean-Bertrand Aristide Vizite Ansyen Prezidan Sid Afriken Nelson Mandela - 2004-08-13


Mr Aristide ak madam li Mildred al vizite ansyen prezidan sid afriken an nan Fondasyon Nelson Mandela a, ki nan Johannesburg. Mr Aristide di jounalis ki te la yo li remèsye Mr Mandela pou tout sa l te fè pou Ayiti e pou le mond antye.

Ansyen prezidan ayisyen an ap viv ann Afrik di Sid apre yon rebelyon te fòse l kite pouvwa a nan mwad fevriye pase a. Premye kote l te ale se te nan Republique Centre Africaine, aprè sa li t al Jamayik avan l t al etabli li ann Afrik di sid, kote gouvènman an pèmèt li rete tanporèman, daprè pawòl otorite sid afriken yo.

XS
SM
MD
LG