Yon Responsab lajustis nan Mirebalais atire atansyon otorite santral yo nan Pòtoprens sou le fèt ke genyen 2 prizon kap fonksyonen nan vil la: youn sou lobedyans komisarya polis la, lòt la sou kont manm ansyen Lamé d’Ayiti a. Yon lòt kote, Platfòm òganizasyon Dwazimen yo mande reouvèti plizyè dosye asasinay nan peyi dAyiti--pami yo, dosye jounalis et direktè Radio Haiti Inter a, Jean L. Dominique ak jounalis Brignol Lindor a. Epi nan vil Les Cayes, Depatman Sud Ayiti, Comité Justice Et Paix mande otorite yo fè kichoy devan fenomèn lynchaj moun pou ti krik ti krak nan rejyon an.
Klike sou Lyen anlè a pou'n tande pwen sa yo.