Accessibility links

Breaking News

Omwens 300 moun Pèdi Lavi yo Nan yon Dife Ki Ravaje Dimanch yon Makèt Nan vil Asuncion, Kapital Paraguay. - 2004-08-02


Ensandi a pete vè midi dimanch 1ye Out la nan sipèmache a, kote dè santèn moun te rasanble pou manje e achte pwovizyon alimantè yo.Responsab paragueyen yo sispèk se swa yon etensèl ki pwovoke eksplozyon bonbòn gaz pwopàn ki te nan episri a, swa ankò yon kousikui nan kuizin ou nan park otomobil ki te anba nan sousòl la ki deklanche dife a.

Ponpye yo te deplwaye tout enèji ak kouray yo pou konbat flanm dife lanfè a e retire moun mouri, boule, blese ki te andedan makèt la. Prezidan paragueyen an, Nicanor Duarte, fè yon vizit sou sèn katastwòf la, pou pote apui moral li bay fanmi viktim yo--pami yo, anpil ti moun ki te avèk paran yo nan sant acha a pou dimanch sa a ki tounen yon dimanch trajedi, yon dimanch doulè, yon dimanch dèy. Minis sante piblik la mande peyi vwayen Paraguay yo voye asistans sou fòm antibiotiques ak lòt kalte ekipman pou ede responsab lasante yo pran swen viktim yo. Plizyè santèn moun gonfle devan lopital yo, nan Asuncion, ap tann nouvèl yon sè, yon frè, yon manman, yon papa, yon fanmi, elatriye, kap resevwa tretman nan sant ospitalye yo.

Otorite paragueyen yo mobilize tout sekouris ak travayè lasante ki pa de sèvis pou yo prezante nan travay, e yo fè konnen bilan viktim yo kapab monte pi wo toujou.

XS
SM
MD
LG