Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Bill Clinton ak Jimmy Carter Egzòte Demokrat yo pou yo voye John Kerry nan Lamezon Blanch nan Eleksyon Novanm 2004 la - 2004-07-27


Ansyen prezidan Bill Clinton ak Jimmy Carter kritite ni Republiken yo ni Prezidan George W. Bush sou dosye Irak ak ekonomi an.

Msye Clinton, ki pa janm’ abandone wòl premye plan lap jwe nan pati demokrat la depi li kite pouvwa a, drese yon tablo aksyon msye Bush poze kòm prezidan, desizyon majorite repibliken an pran nan Kongrè a, ak sa Demokrat yo pwopoze yo menm. Epi li ofri pèp ameriken an yon chwa:

“Pou pòs prezidan an, Nou gen pou n’chwazi ant 2 nèg ki fò e tou lè 2 renmen peyi yo, men yo pa wè mond la menm jan ditou. 2 nèg sa yo se Kandida nou nonmen an, John Kerry, ki anfavè pataj responsablite yo, pataj opòtinite e kolabore plis ak lòt nasyon yo; epi prezidan yo a ak pati yo a nan Kongrè a, ki vle pou richès ak pouvwa konsantre anba ponyèt yon ti ponyen moun, ki abandone rès pèp la pou l' debouye l pou kont li e ki pa anfavè kolaborasyon ak lòt peyi lè pou yo poze yon aksyon nan lemond,” deklarasyon ansyen prezidan Bill Clinton.

Anba gwo bravo ak bri lakontantman, Msye Clinton, ki dekri tèt li kòm yon sòlda nan lame John Kerry a, ensiste sou plizyè tèm oratè demokrat yo te privilejye nan premye sware konvansyon pati a. Ansyen lidè a mete kanpe fas pou fas 2 seri prensip, 2 filozofi, youn pou Demokrat, youn pou Repibliken.

“Repibliken ki Washington yo kwè Lamerik dwe sou lobedyans moun pa yo, nan yon mond kote nou aji pou kont nou lè n’kapab epi koopere lè nou oblije. Yo kwè wòl gouvènman an se konsantre richès ak pouvwa nan men sila yo ki dakò ak opinyon sosyal, ekonomik ak politik yo.”

Bill Clinton di Repibliken yo jwenn enterè nan kenbe divizyon pami Ameriken yo. “Zanmi n’ yo oblije fè nou menm Demokrat parèt tankou moun ki pa akseptab, ki manke kouray ak prensip moral. An 2 mo 3 pawòl, yo bezwen yon peyi ki divize. Men nou pa bezwen sa.” Plizyè lòt diskou te fèt anvan oratè prensipal la te pran lapawòl. Senatè Hillary Rodham Clinton te entwodui mari li, Bill.

“Semèn pase a, komisyon k’ap mennen ankèt sou atak 11 septanm yo, ki konpoze ak manm 2 pati yo, te pibliye rapò li a. E komisyon sa a patap janm’ egziste si se pat granmesi fanmi brav 11 septanm yo ki te ensiste pou gouvènman an fòme yon ekip pou analize, pou envestige sa ki te pase 11 septanm 2001 an,” deklarasyon Hillary Rodham Clinton!

Bò kote pa li, ansyen Vis-Prezidan Al Gore te chofe foul la e mande l transfòme kòlè eleksyon 2000 yo te pwovoke a pou fè l’tounen enèji pou mete John Kerry nan palè a. Epi, anvan sa, te gen ansyen prezidan Jimmy Carter, yon venerab nan pati demokrat la.

Msye Carter di “nan 34 mwa sèlman, ak gwo kè-sote, nou asiste kouman tout bòn volonte nou te wè apre atak 11 septanm yo evapore akòz yon seri erè ak move kalkil ki pratikman fèt san rete. Aksyon n’poze pou kò nou ak egzijans nou fè, lakòz Etazini izole parapò ak menm peyi sa yo nou bezwen pou ede n’konbat teroris yo.”

Tout oratè yo, eksepte Msye Carter, te soumèt tèks diskou yo davans bay responsab kanpay John Kerry a, pou yo te sèten pa gen atak pèsonèl sou Prezidan Bush. Demokrat yo ensiste yo vle mennen yon kanpay pozitif, pou ofri Ameriken yo yon altènativ pou avni peyi a. Konvansyon Pati Demokrat la ap kontinye madi swa ak diskou 2 politisyen ki te kandida pou nominasyon an nan eleksyon primè yo, epi yon pitit-gason ansyen prezidan Ronald Reagan, ki te mouri ak maladi Alzheimer nan mwa jen pase a.

XS
SM
MD
LG