Gouvènman ayisyen an rann ansyen pouvwa Lavalas la responsab pou move kondisyon lavi pèp la jounen jodi a. Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François, jr. di nou gouvènman tranzisyon an t'ap bay reyaksyon n' sou rapò Nasyonzini pibliye chak ane sou endis devlòpman moun nan lemond.