Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ap Ouvè Aswè a nan Boston - 2004-07-26


Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ap inogire aswè a nan vil Boston, nan eta Massachusetts. Delege ki soti toupati nan peyi a ak teritwa ki asosye ak Etazini yo deja rasanble nan Boston pou evènman sa a kap dire 4 jou.

Chak sware nan konvansyon an ap mete aksan sou kèk tèm diferan Pati Demokrat la espere mete devan piblik la. Pami oratè prensipal yo, gen ansyen prezidan Jimmy Carter ak Bill Clinton, ak ansyen vis-prezidan e kandida-a-la-prezidans Al’ Gore, ki te manke bat George Bush nan lane 2000.

Otorite yo pran gwo mezi sekirite pou prevni vyolans nan manifestasyon k'ap fèt nan vil la, oubyen atanta teroris.

Klike sou lyen ki nan tèt atik sa a pou w ka tande repòtaj nou ak kòmantè kandida demokrat yo anvan konvansyon an.

XS
SM
MD
LG