Accessibility links

Breaking News

Anvwaye Espesyal Nasyonzini an Rive nan peyi DAyiti. - 2004-07-26


M'sye Valdes, ki te pran lapawòl samdi nan vil kapital ayisyèn nan, deklare "jodi a se yon jou enpòtan pou kooperasyon ant Ayiti ak kominote entènasyonal la". Diplomat la ajoute misyon Nasyonzini an pral apiye efò gouvènman ayisyen an ap fè pou l' pote estabilite nan nasyon karayibeyen an.

Premy minis Gérard Latortue akeyi ak satisfaksyon arive anvwaye espesyal la e l'pwomèt li pral' travay men-nan-men ak m'sye Valdes.Premye minis Gérard Latortue akeyi ak satisfaksyon arive anvwaye espesyal la e l' pwomèt pou l' travay men-nan-men ak msye Valdes. Reprezantan espesyal sekretè-jeneral l'Onu an di fòs estabilizasyon Nasyonzini pou Ayiti a (Minustha) pral bezwen plis sòlda anvan l' koumanse travay dezame rebel ki te chavire rejim prezidan Jean-Bertrand Aristide la. Pandan yon vizit li fè wikenn pase a nan vil Gonaïves, m'sye Valdes di "dezame tout gwoup ame yo enpòtan anpil pou asire lapè nan peyi a. Men li ajoute "èd umanitè ak èd pou devlopman enpòtan menm jan an". Juan Gabriel Valdes tap vizite kontenjan 50 sòlda ajanten ki estasyonenen Gonaïves yo ak 358 ki baze nan vil Cap-Haitien yo.

Msye Valdes rive Ayiti, apeprè yon mwa apre Nasyonzini te pran kòmandman operasyon mentyen lapè yo ann Ayiti nan men fòs entèrimè(pwovizwa) Lèzetazini atap dirije a. Fòs sa a te debake nan nasyon karayibeyen an tout suit apre rebelyon ki te fòse ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide kite pouvwa a nan fen mwa Fevriye 2004 la.

XS
SM
MD
LG