Prezidan chilyen an, Ricardo Lagos Escobar, ap vizite dezyèm pi gran vil peyi d Ayiti a, Kap-Ayisyen, kote anpil militè chilyen deplwaye, nan kad Misyon L’ONU pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH). Msye Lagos te rive Okap maten an, anba gwo mezi sekirite, dapre korespondan nou Yvan Martin Jasmin.