Legliz Anglikàn sou Entènèt la, oubyen, tankou anglè a rele “The I-Church,” antre sou web la nan mwa avril 2004. Adrès li se www.i-church.org. Reveran Alyson Leslie te jwenn privilèj, pami 40 kandida, pou li te tounen pastè kongregasyon “virtuelle” sa a, menmsi se pa a plen tan.
Reveran Leslie di li kwè yon legliz se manm pa manm ou konstwi sa. Kòm web-pastè pou I-church la, li di premye wòl li se gide manm kominote a nan yon vi ki santre sou lapriyè, etid biblik ak aksyon kretyèn, pandan l’ap bay chak manm atansyon li merite.
Klike sou lyen ki anwo tèks sa a si ou vle konn plis detay epi tande vwa plizyè moun nou te rankontre sou pwojè I-Church la.