Delegasyon Komunote Karayib la, CARICOM, ki rankontre ak manm divès sektè nan peyi a presize avan l' kite Ayiti mèkredi 14 jiyè a se chèf gouvènman rejyonal yo ki pral deside ou non readmèt repiblik karayibeyen an nan konsèy òganizasyon an apre rapò li va transmèt yo sou vizit 2 jou li sot fè ann Ayiti a. Nou gen sou plas nan Pòtoprens korespondan nou Rotchild François Jr.