Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Kiben An Rekonèt Li Arete Bawon Dwòg Kolonbyen Luis Hernando Bustamante - 2004-07-11


Gouvènman kiben an konfime arestasyon Luis Hernando Bustamante, swadizan bawon pi dwòg katèl Kolonbi a.

Nan yon kominike li pibliye samdi, ministè afè etranjè kiben an presize sèvis sekirite yo arete m'sye Bustamante 2 jiyè pase a nan ayewopò Jose Marti, nan vil La Havane, pandan li tap eseye antre avèk yon fo paspò nan Kiba.

Nouvèl arestasyon sa a tonbe vandredi, lè chèf polis kolonbyen an, jeneral Jorge Daniel Castro, te anonse Kolonbi ap negosye ekstradisyon Bustamante (ke Etazuni ap chèche) avèk otorite kiben yo. Bawon dwòg sipoze a, ke yo bay ti non kannik "Rasguno", ta youn nan pi gwo responsab katèl "Norte De Valle" a--youn nan pi gwo òganizasyon e pi gwo founisè dwòg kap vide dwòg sou tèritwa ameriken an.

XS
SM
MD
LG