Accessibility links

Breaking News

Peyi Caricom yo Poze Kondisyon Pou Yo Nòmalize Rapò yo ak Ayiti. - 2004-07-08


Peyi mache komen karayibeyen an, Caricom, poze plizyè kondisyon avan yo retabli relasyon nòmal avèk Ayiti. Youn nan kondisyon yo poze yo se liberasyon ansyen premye minis Yvon Neptune ki te rann tèt li bay nouvo otorite ayisyen yo apre laklamè piblik te akize l' kòm responsab ki te òdone sa yo rele masak Lasiri a---yon lokalite nan vil Sen-Mak nan mwa fevriye ane sa a.

Sèten dirijan politik ayisyen-- pami yo, lidè Pati MDN nan, pwofesè Hubert Deronceray --kritike pozisyon "bout di" Caricom vizavi nouvo pouvwa ki an plas nan Pòtoprens lan.

Ronald César te pale ak Linda Jean-Giles---yon jounalis Radio Lumière-- kap pote reayaksyon klas politik ayisyen an.

XS
SM
MD
LG