Gouvènman ayisyen an pran kontak ak sektè prive a (espesyalman sektè bankè a) pou yo anvizaje dispozisyon ki nesesè pou ranfòse ekonomi ayisyèn nan. Premye-Minis Gérard Latortue toujou deklare kontribisyon sektè prive a se kle pou fè ekonomi an avanse. Korepsondan nou Renan Toussaint raple nou otorite yo pran inisyativ sa a aprè zòn komèsyal kapital la te viktim plizyè dife nan semèn ki pase yo.