Accessibility links

Breaking News

Ki Kamera Ki Pi Bon? Film Oubyen Dijital? - 2004-06-29


Eske fotografi ak film mouri antere? Pou nou jwenn yon repons, an nou antre nan studio yon pwofesyonèl nan Washington, DC, John Burwell.

Msye ap prepare ekleraj, ekran filtraj, anfen tout pyès li bezwen pou li tire kèk pòtre. Se foto poze li pral pran. Nou remake kamera a pa gen film ladan n’. Menm jan ak pifò fotograf pwofesyonèl, ak milyon lòt moun k’ap pran foto tanzantan alèkile, John Burwell lage kò l’ nan fotografi nimerik ou dijital.

Li di, "Imaj la parèt prèske la pou la. Moun ka di sa yo panse. Yo ka wè si yo byen koupe foto a. Si objè ak pèsonaj ki nan pòz la byen ranje. Sitou pèsonaj yo. Lè se ekspresyon w’ap chache nan fotografi, osnon mouvman ak pozisyon, ou konnen ou byen pran foto a depi se ak kamera sa a w’ap sèvi. Souvan, ak film, ou te oblije tire plizyè pòtre ak espwa pètèt wa sezi moman ou vle sezi a. Kounye a, ou ka gade, tcheke si foto a bon anvan ou pran lòt."

Poutan anpil moun gen nostalji film. Yo menm twouve gen yon richès, yon chalè yo pèdi. Yo sonje eksperyans dewoule film ou, voye l’ nan laboratwa oubyen devlope l’ ou-menm. Tranpe l’ nan pwodui chimik pou ou wè fwi travay ou, kreyasyon w’ ap pran fòm devan je w’. Men John Burwell di nou, "Nan ka fotografi ak kamera dijital pèfeksyone, pa gen anpil moun k’ap wè diferans la."

Lontan, fotograf pwofesyonèl sa a te konn abitye pase plizyè èdtan nan chanm nwa li, yon andwa majik nou ta di, men wa santi fò pa w’ akòz pwodui chimik yo. Gen yon ane depi msye pa antre la. Okontrè li pase tan kounye a sou klavye òdinatè li ki konekte ak makera a epi l’ap ranje dènye foto li sot’ pran yo. Ak yon klik sou souri computer a, li ka ajiste koulè, korije erè, ajoute limyè oubyen lonbray, kesyon de ret’ tann pou foto yo soti nan laboratwa a se bliye sa.

Gen yon bagay John Burwell ak anpil lòt fotograf plis renmen ak nouvo sistèm nan. Se fason li bon pou anviwonnman an. Se va tèm pwochen segman Syans ak Teknoloji a sou Lavwa d Lamerik.

XS
SM
MD
LG