MINUSTAH se yon fòs ki gen alatèt li peyi Brezil e ki gen yon misyon marasa nan peyi d Ayiti: sekirite pou fasilite tranzisyon demokratik la; epi asistans nan domèn sivil, nan efò devlòpman ak operasyon sekou kan sa nesesè. Pou anpil sitwayen nan peyi Brezil se yon lonè daprèzavwa peyi yo a, ki nan tyè-mond la, jwenn posiblite pou li kòmande misyon sila a. Majorite brezilyen ke korespondan nou Lucienne Maria de Assis Santos entèvyouve nan jou ki sot’ pase yo, kit se nan Sao Paolo, kote libaze, oubyen nan Rio de Janeiro, kote anpil sòlda MINUSTAH a soti, majorite a, nou di, twouve se yon pwen pozitif pou peyi yo e pou Ayiti tou.
Yon lòt kote, gen Brezilyen ki mande èske gouvènman Lula a vle yon lame pwofesyonèl pou patisipe nan misyon L’ONU yo, ou yon fòs ki pral konsantre l’ nan travay entèn, nan misyon nasyonal, ak lapolis, pou ede popilasyon defavorize yo. Men, Hendrik Witarr siyale ke kesyon L’ONU enpòtan anpil paske pèfòmans Brezilyen yo ann Ayiti ap pwouve zòt ka fè yo konfyans nan defann lapè ak stabilite nan rejyon an e ouvè pòt Konsèy Sekirite a an pèmanans pou jeyan sid-ameriken an.
Lòt opinyon korespondan nou an note nan vire-won li fè pou sonde Brezilyen òdinè yo ak espesyalis yo sou misyon Ayiti a, santre sou konplikasyon, ou posib konplikasyon, antrepriz sa a, ak kè-sote pou sekirite twoup yo yo-menm, sitou lè yo va pase alaksyon toutbon pou dezame divès gwoup ki gen zam nan peyi a.
Carla Maria Guimaraes Pinto, yon etidyan jounalis, panse li enpòtan pou Brezil daprèzavwa l’ap kòmande MINUSTAH, sepandan pakèt pwoblèm sekirite ki genyen ann Ayiti rann ni konplike pou tout sòlda sa yo yap voye lòt-bò a. Se Brezil k’ap founi pifò nan anvwon 8-mil òm kap konpoze Misyon L’ONU pou Stabilize Ayiti a.
Tankou korespondan nou an di nou fanmi sòlda yo konprann enpòtans misyon an e sòlda yo konprann sa tou. Se yon misyon difisil akòz istwa konfli peyi a. Sepandan, Brezilyen yo kwè nan solidarite ak sans responsablite rejyonal. Si yo reyisi ann Ayiti, ansanm ak lòt peyi ki nan MINUSTAH yo (Chili, Ajantin, Uruguay, Paraguay, Nepal, e pètèt Pakistan, Pewou ak Filipin), l’ap bon pou Ayiti, pou rejyon an, e pou kominote entènasyonal la an jeneral.
Klike sou lyen anwo atik sa a pou w'ka tande kòmantè Lucienne Maria de Assis Santos rekeyi yo.