MINUSTAH, ou Misyon Nasyonzini pou mete Stabilite nan peyi d Ayiti, pran larelèv depi premye jen nan men fòs multi nasyonal ki gen sòlda ameriken, fransè, kanadyen ak chilyen, fòs ki te debake nan repiblik la, apre demisyon ak egzil prezidan Lavalas la, Jean-Bertrand Aristide. Nan tèt nouvo misyon an, nou jwenn peyi Brezil.
Lyetnan-Jeneral brezilyen ki alatèt MINUSTHA a, Augusto Heleno Ribeiro Pereira, fè konnen fòs ki la kounye a ap kontinye travay sou dosye sekirite a yon fason pou, disi, kèk semèn, aspè sivil misyon an, kote imanitè a, ka fèt san pwoblèm. Jeneral la te raple nan fen semèn pase a ke MINUSTHA se pa yon fòs ki vin okipe Ayiti e sòlda brezilyen yo desann ann Ayiti, kòm prensipal segman nan misyon an, pou ede peyi a rekanpe sou 2 pye li, pou gen respè dwa moun, pou aktivite politik, ekonomik ak lòt yo dewoule kòm sa dwa annatan natif-natal yo ka fè travay la pou kont yo. Brezil, ki gen anbisyon pa li, pa egzanp nan nivo Konsèy Sekirite L’ONU an, kapab sèvi ak eksperyans Ayiti a pou kore pozisyon ni sou sèn entènasyonal la. Jounalis brezilyèn Lucienne Maria Santos de Assis di nou se klè Brasilia te gen rezon aksepte pran tèt misyon Ayiti a.
Sa ki bay sitwayen brezilyen yo kè poze, menm sila yo ki gen paran yo ann Ayiti kounye a, se paske objektif misyon an se lapè, se pa lagè. Celso Robens Alvis de Moira, se yon òm dafè 75 an ki di li gen kèk tan depi l’ap suiv sitiyasyon Ayiti a. Li presize ke sòlda brezilyen yo ale nan yon misyon lapè, yo pa ann Ayiti pou fè lagè. Abosliman non. Se yon misyon lapè. Yo pral ede peyi a retounen nan nòmal li. Li kwè twoup brezilyèn yo, peyi Brezil, ap soti nan misyon sa a ak glwa, ak bèl ochan.
Men si se yon misyon lapè, wout lapè sa a pase atravè kèk desizyon difisl e konplike. Pa egzanp, kesyon dezameman an. Anpil chimè, ou ansyen chimè toujou gen zam sere. Ansyen rebèl gen zam. Ansyen militè poko fin klè sou sò yo ak sa yo dwe fè. Polis la fèb. Yon resèt tèt chaje. Jeneral Augusto Heleno Ribeiro Pereira di fòs L’ONU an prè e dispoze pou li fè dezameman, san konfwontasyon ki pa nesesè. Li di tou twoup yo ap gen tout ekipman yo bezwen pou yo fè travay yo.
Twoup brezilyèn yo ap kontinye pran pozisyon nan Pòtoprens pou jiska dat 20 jen anvan yo tanmen operasyon sou tout teritwa a, dapre jeneral la. Lòt peyi ki voye oubyen ki pral voye sòlda nan fòs MINUSTHA a se Chili, Ajantin, Uruguay, Paraguay, Nepal, et, pètèt Pakistan, Pewou ak Filipin. Yon pòt-pawòl MINUSTHA di disi mwa Out tout twoup yo ta dwe deja deplwaye sou teritwa ayisyen an.