Accessibility links

Breaking News

Ayiti: LONU di Li Pare Pou l Tanmen Misyon Stabilizasyon an - 2004-06-15


Ronsab Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon an Ayiti a (MINUSTAH) deklare li prè pou l pran kontwòl sitiyasyon an avan lontan nan men fòs miltinasyonal ke Etazini ap dirije a. Korespondan nou Rotchild François Junior gen detay depi Pòtoprens.

Yon lòt kote, responsab yon sendika transpò piblik mande gouvènman ayisyen an pou l pase a laksyon pi rapidman pou l repare wout nasyonal nimewo 4 la, ki relye kapital la ak zòn Mapou, nan depatman sidès la, ke inondasyon ravaje, sa pa gen lontan. Korespondan nou Renan Toussaint di nou lidè sendikal la lanse apèl la apre yon aksidan ki fèt nan zòn nan e ki pran lavi yon sekouris Franse.

Nasyon Zini fè konnen lap etabli yon pwogram prevansyon sou Sida nan peyi dAyiti pou pwoteje manb fòs mentyen la pè yo kont virus ki bay Sida a.

Responsab Nasyon Zini yo deklare pwogram nan pral antre ann aplikasyon avan prensipal kontenjan fòs mentyen la pè yo rive ann Ayiti. Kèk manb fòs la deja nan peyi a, e yo komanse travay.

Ofisyèl pou Program Nasyon Zini sou Sida a, UNAIDS, fè konnen nan sitiyasyon konfli, risk enfeksyon an 50 fwa pi elve pou manb fòs zamé yo ke pou sivil yo.

Daprè responsab pwogram nan, li enpòtan pou gen yon bon pwogram prevansyon pou group sòlda yo ak pèsonèl sivil la an Ayiti, kote k gen pi gwo to prevalans ka Sida nan Emisfè oksidantal la.

XS
SM
MD
LG