Nan Senmak, yon ansyen majistra kominal fè depozisyon l vandredi. Li anba akizasyon dèske l ta enplike nan masak ki te fèt nan Lasiri nan Senmak. Pandanstan, yon kanpayi ki baze nan eta Connecticut --nan pati nò ès Lèzetazini-- mete ansanm ak anplwaye l yo pou yo voye plis pase 50 mil liv pwovizyon dujans bay viktim inondasyon yo nan peyi dAyiti ak Republik Dominikèn.