Accessibility links

Breaking News

Byografi Ansyen Prezidan Ronald Reagan - 2004-06-09


Msye Reagan te fèt nan vil Tampico, nan Eta Illinois nan sant-wès Etazini. Papa li, Jack, te yon tafyatè ki te toujou ap deplase fanmi an pasi-pala nan “chèche” pi bon djòb. Lè Ronald Reagan te gen 9 van, paran li yo finalman t-al tabli nan DIXON, Eta Illinois, ke msye Reagan te toujou konsidere kòm vil natal li. Se nan Dixon Ronald Reagan ranpòte premye eleksyon’l kòm prezidan yon asosyasyon liseyen parèy li.

Apre fen etid segondè li nan “EUREKA COLLEGE” nan ane 1932, msye Reagan te tanmen yon karyè nan medya. Li te youn apre lòt anonsè radyo e aktè nan Hollywood.

Msye te jwe nan plis pase 50 film; sila a ke moun plis sonje-a rele “KNUT ROCKNE, ALL AMERICAN”; se te an 1940.. Apre sa, li te janbe nan televizyon, kote’l te prezante yon seri ke konpayi General Electric te patwone. Seri sa a te rele“The General Electric Theater.”

Men piti-piti, karyè aktè li a te pase en second plan, akòz enterè ak pasyon msye Reagan pou politik.

Lè li te vinn prezidan Asosyasyon aktè sinema “Screen Actors Guild-la”, msye te devlope yon pwofon mepri pou systèm kominis la. Konsèvatè nan Pati Repibliken an te remake kouman piblik la te reyaji lè msye tap denonse pwogram sosyal gouvènman ameriken an ke’l te rele “Big Gouvernment Program”.

Avèk apui mesye sa yo, msye Reagan te poze kandidati li pou pòs gouvènè Eta Kalifòni an, ke’l te ranpòte an 1966 . Katran (4 an) apre, elektè kalifònyen yo te ba li yon 2zyèm manda.

10 zan pre, pèp ameriken an te eli li avèk yon “majorite ekrazant” kòm prezidan pi aje ki janm monte nan tèt peyi Etazini.

Pandan 2 manda li te pase nan palè prezidansyèl la, Mezon Blanch lan, msye Reagan te ede yon seri gwo chanjman ekstraòdinè e durab pran pye nan domèn politik la tan Ozetazini ke sou Kontinan ewopeyen an.

Pwogram konsèvatè li a ak pwòp popilarite li te transfòme Pati Repibliken an pou ba li menm fòs ak Pati Demokrat la sou sèn politik la. Elektè ameriken yo te reaji favorableman anfavè politik ranfòsman fòs zame yo ak politik rediksyon taks li a---menm lè sa te antrene pi gwo defisi bidjè federal la janm konnen nan istwa nasyon an.

Aletranje, yo sonje msye Reagan prensipalman pou pozisyon djanm li te adopte kont komunism nan. Anpil moun konsidere se gras ak li L’Unyon Sovietik pa ekziste jounen jodi a.

Dènye ane msye Reagan yo, se te 10 ane yon terib batay kont maladi Alzheimer ki ta pral fòse’l kite sèn politik la an 1994, ane kote li te revele ke lap soufri ak maladi a. Batay li kont maladi sa a bout samdi pase a, lè ansyen prezidan Ronald Reagan te mouri lakay li nan Eta Kaliforni a 93 zan.

Yo pral antere msye Reagan nan bibliyotèk ki pote non li an, nan Simi Valley, nan Eta Kalifòni.

XS
SM
MD
LG