Accessibility links

Breaking News

Entènèt Ede Jenès Britanik la Konprann Jou J a - 2004-06-08


Dimanch 6 jen 2004 la se te 60-yèm anivèsè Jou J a, sètadi jou gwo debakman fòs alye yo ann Ewòp, pou dechouke Nazi alman yo. Nan okazyon sa a, gen yon sit Web ki kòmanse travay, yon sit ki ofri yon eksperyans ki tanmen pou fòs ame peyi Lagrand Bretay men ki ka sèvi modèl pou lòt nasyon konsène yo. Granmoun ki te gen privilèj defann koulè drapo yo ak kòz libète nan Dezyèm Gè Mondyal la gen yon sit sou Entènèt la kote yo kapab poste istwa yo e reponn kesyon nouvèl jenerasyon yo ki pratikman pa konn’ anyen sou sa yo te akonpli sa gen 60 lane.

Plis pase 20 ansyen konbatan envazyon Nòmandi a ap patisipe nan pwojè sa a ki rele “Meet the Heroes,” ki vle di Fè Konesans ak Nèg e Fanm Vanyan yo, ak ewo yo. Moun kapab ale sou rezo mondyal enfòmatik la, tape www.servicepals.com epi poze ansyen konbatan yo kesyon sou eksperyans yo te viv pandan lagè a, sitou sou sa ki te pase nan jou istorik sa a lè plis ke 150-mil sòlda fòs alye yo te debake nan peyi Lafrans pou fè fas ak lame Adolf Hitler a. Sit Web la te kòmanse travay nan dat 27 me 2004. Direktè administratif li se Ross Williams.

Li di ide a se pou jèn jenerasyon yo kapab koze dirèkteman ak ansyen konbatan yo sou evènman Jou J a. Li ba yo yon okazyon, granmoun yo atò, pou yo di jenès la kouman sa te ye vre. Nòmalman se jèn ki gen 16, 17, 18 an ki te goumen nan Jou J a. Ansyen sòlda sa yo ki vivan toujou e ki ka kominike ak jèn yo, dapre nou merite opòtinite sa a anvan l’twò ta.

Dapre yon dènye sondaj jounal britanik Daily Mirror te reyalize, 73 pousan jèn ki gen mwens ke 25 an pa konnen sa Jou J a vle di. Kèk pami mil jèn yo te kesyone nan sondaj la di yo kwè se yon evènman ki te rive nan peyi Japon an 1962. Kidonk nou konprann enpòtans sit tankou servicepals.com. Klike sou lyen ki anwo atik sa a pou ou ka konnen plis toujou sou eksperyans sila a. Epi, pa bliye ekri Paj Syans ak Teknoloji Vwa d Lamerik la ak kesyon ou kòmantè.

XS
SM
MD
LG