Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ayisyen Jean-Bertrand Aristide Deklare li pa Gen Entansyon Tounen Ann Ayiti - 2004-06-07


Prezidan depoze Ayisyen an Jean-Bertrand Aristide deklare lendi a li pa gen entansyon retounen ann Ayiti trè byento. Msye Aristide ajoute li pa pral angaje l nan okenn aktivite politik ann Afrik di sid. Ansyen prezidan ayisyen an ap viv nan peyi Afriken sila a depi anviwon yon semèn.

Msye Aristide te kite Ayiti nan mwad fevriye a, nan moman te gen yon soulèvman popilè kont li. Ansyen lidè a te ale nan repiblik Santr-afrikèn, kote l te akize Etazini ak la Frans dèske yo te fè presyon pou fòse l kite pouvwa a. Kèk Sid Afriken kritike prezidan Thabo Mbeki poutèt li admèt lidè ayisyen ann ekzil la nan peyi Afrik di sid.

XS
SM
MD
LG