Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pral Nòmalize Rapò li ak Jamayik - 2004-06-03


Chèf gouvènman ayisyen an, Gérard Latortue, fè konnen Ayiti ap retabli relasyon nòmal ak Jamayik e anbasadè ayisyen an nan Kingston pral retounen nan pòs li, apre malèz ki te genyen sou dosye sejou Jean-Bertrand Aristide lòt-bò a.

Premye-Minis Latortue eksprime satisfaksyon ni daprèzavwa Premye-Minis Percival J. Patterson te kenbe pwomès li te fè pou li pat kite Msye Aristide fè okenn deklarasyon piblik ki te ka simen plis enstabilite nan peyi d Ayiti, alòske peyi sa a ap travèse yon peryòd tranzisyon ki deja difisil.

Klike sou lyen anlè atik sa a si ou vle tande repòtaj korespondan nou Rotchild François, Jr. ak deklarasyon Msye Latortue a.

XS
SM
MD
LG