Katolik ayisyen ki soti toupatou nan peyi Etazini ak Kanada pral patisipe nan yon gwo konvansyon weekend sa a nan eta New Jersey. Nan Paj Relijyon-an, n'ap analize enpòtans evènman sa a ak yon lidè relijye ayisyen nan New York.
Frè Gérald Dumont kwè gwo rasanbleman fidèl Katolik ayisyen yo nan Seaton Hall University, New Jersey, soti 4 pou rive 6 jen 2004 la ofri yon bèl okazyon pou yo fè yon evalyasyon sou reyalite legliz la alèkile.
Lide yo kapab diferan, obejktif yo pa toujou menm, sepandan bezwen kominote a pa kite okenn dout e lidè Katolik ayisyen yo pran angajman pou yo kolabore pou fè fas ak bezwen sa yo.