Accessibility links

Breaking News

Jamayik Mande Ayiti Fasilite Retou Omwen 130 Refijye Ayisyen Nan Peyi yo - 2004-06-03


Ministè Sekirite Nasyonal peyi Jamayik fè konnen rapatriman 130 boat-people ayisyen ki swete retounen lakay yo papral ranvwaye endefiniman.

Gillian Haughton, ki se korespondan nou nan Kingston, di ministè a anonse, dapre diskisyon li te fè ak otorite ayisyen- o, yo te dakò pou yon premye gwoup refijye kite Jamayik depi avan-yè madi a. Men sa pat posib, dapre ministè a, paske Pòtoprens pat bay yon repons definitif.

Jamayik mande gouvènman Latortue a fè aranjman nesesè pou retou refijye sa yo. Kingston ap kolabore tou ak Wo-Komisarya L’ONU pou Refijye yo, pou fasilite rapatriman an. Prèske 500 ayisyen debake ilegalman nan La Jamayik depi dechoukaj rejim Aristide la.

XS
SM
MD
LG