Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Pwovizwa Ayisyen an di Plizyè Peyi Pwomèt pou Ede Ayiti - 2004-06-01


Premye minis Latortue fè konnen plizyè chèf deta ki tap patisipe nan yon rankont o somè peyi Inyon Ewòp yo ak peyi Amerik latin yo nan vil Guadalajara o Meksik pwomèt li pou yo ede Ayiti sòti nan enpas li trouve l la.

Nan yon konferans de près Msye Latortue bay nan ayeropò Toussaint Louverture la nan Pòtoprens, li anonse tou fòs stabilizasyon Nasyon Zini an ap pran kontròl operasyon mentyen lapè yo nan men fòs miltinasyonal la nan dat premye jen e se Brezil ki pral dirije nouvo fòs la.

Jounalis Wakim Exume ki se direktè enfòmasyon nan radyo Magic Stereo nan Pòtoprens ba nou plis detay nan yon entèvyou ak Lavwad’lamerik.

XS
SM
MD
LG