Accessibility links

Breaking News

Dezyèm Pati Rankont Nou an ak FanmCreole.com - 2004-05-31


Enterè Mérosa Romélus lè li te antre nan inivèsite se te literati anglè. Apre etid pou lisans li (Bachelor Degree) Mérosa te patisipe nan ekri, sponsorize, korije, pibliye, plizyè atik ak pwojè literè. Li lanse fanmcreole.com an kolaborasyon ak tout yon ekip jèn fi parèy li, ki enterese de prè ou de lwen nan metye laprès epi nan pwomosyon ak defans fanm ayisyèn-amerikèn nan peyi Etazini.

Esther Pierre resevwa fòmasyon nan jounalism, Eunia Destiné, etidye kosmetoloji, li se yon estetisyèn e yon moun ki fè rechèch nan domèn lamòd ak bote, konsa l’ap asire ribrik sa a nan magazin Fanm Creole, vèsyon ekri fanmcreole,com. Soti nan relasyon piblik, espesyalis nan “mise en page”, elatriye, Mérosa kwè li gen yon ekip devwe e eksperimante dèyè pwojè sa a. Fanm Creole ap konble yon vid paske l’ap ofri yon vwa, yon kanal kominikasyon pou fanm kreyòl ki pran nesans sou teritwa ameriken an, osnon ki grandi e devlope isit. Fason yo wè reyalite a pa toujou menm bagay ak fason media ameriken tradisyonèl yo wè li.

Redakris an chèf magazin nan rekonèt diferans ki egziste ant pèspektiv ameriken òdinè ki chita sèlman sou eksperyans Etazini ak ameriken ki pataje yon lòt orijin etnik ou kiltirèl. Tankou li di, li on ti kras plis amerikèn ke ayisyèn men li gen kilti Ayiti a nan nanm li, e sa parèt aklè nan lang li pale, manje l’ manje, moun li frekante, epi paske kòd lonbrik li makònen ak Ayisyen natif-natal...nou vle di, paske paran ni se Ayisyen.

Mérosa Romélus trè satisfè ak repons li jwenn jiskaprezan nan kominote a, ni pami ayisyen ni pami moun ki pa ayisyen, paske pwojè a, tankou nou di l deja nan premye segman nou te fè a, ap reyalize 70 a 80 pousan nan lang anglè, avèk kèk atik ak ribrik an fransè e an kreyòl. Pwodui yon magazin, kèlkeswa magazin nan, se pa yon travay ki mens. Moun ki pase ladan n’ ap konfime kouman sa mande anpil efò ak ankourajman. Mérosa kontan dèske li jwenn sa nan kominote a.

Youn nan entènot ki te kontakte fanmcreole.com yo te touche yon aspè ki trè kritik pou tout piblikasyon k’ap derape, sitou nan kominote ayisyèn nan. Anfèt, an n’pale klè. Se pa nan domèn media sèlman, se nan tout domèn Ayisyen gen repitasyon moun ki kòmanse pou yo kanpe nan wout, gwoup ki fòme pou yo kraze kèk mwa ou kèk ane apre, biznis ki byen lanse men ki echwe anvan lontan...

Youn nan rezon ki fè pwojè ayisyen yo konn’ pa ka kenbe se paske yo pa jwenn ase apui, ase sipò nan men kominote yo a ak lòt moun ki benefisye sèvis yo. Se pou sa Fanm Creole envite tout moun k’ap koute pou yo patisipe nan efò pou kore pwojè a e ba li "longévité", lavi long, nou tout swete pou antrepriz ayisyen pa bò isit. Sa pral depann, e li admèt sa, de kalite pwodui l'ap ofri a. Pou sa, li pran angajman pou fanmcreole kenbe yon nivo elve, yon standar pwofesyonèl, ki va fè lonè ekip li a ak kominote a an jeneral. Lavwa d Lamerik di li “bonne chance”!

XS
SM
MD
LG