Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ayiti a, Jean-Bertrand Aristide, Rive Afrik Di Sid. - 2004-05-31


Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide resevwa yon akèy ofisyèl nan Afrik Di Sid, kote prezidan Thabo M'beki, resevwa'l ofisyèlman lendi 31 me nan sa'k sanble yon ekzil manch long nan pwent sid kontinan afriken an. Msye Aristide di pwojè li se retounen nan peyi li, yon fwa sitiasyon politik la retounen nan eta nòmal li.

Nouvèl la fè konnen se yon akèy plen chalè prezidan Thabo M'beki ak yon delegasyon gwo manm gouvènman an mete ak lòt responsab sid afriken te rezève msye Aristide nan ayewopò Jonnesburg la. Ansyen dirijan ayisyen an ofisyèlman pa an'n ekzil nan Afrik di Sid...lap vizite peyi a sou yon baz tanporè, pou n' site responsab gouvènman sid afriken an. Sepandan, anpil analis di memsi ansyen dirijan Ayiti a pa ofisyèlman ann ekzil nan Afrik Di Sid, prezans li nan peyi a pa vle di lòt bagay.

M'sye Aristide rive nan Afrik Di Sid kòm envite Afrik Di Sid e l' pral abite nan yon rezidans gouvènman an mete aladispozisyon li avèk tout dispozitif sekirite li. Plizyè pati politik opozisyon an di se yon bagay yo pa ka akseptab e ke m'sye Aristide ta dwe peye pwòp frè sejou li. Pati Alyans Demokratik la di li gen entansyon pote kesyon sa a devan palman sid afriken an.

Gouvènman an di li te aksepte bay m'sye Aristide ladesant tanporè sou tèritwa li apre l' te fin konsilte ak Inyon Afrikèn nan, Karikòm ( Kominote peyi mache komen Karayib yo ) Lèzetazini ak Lafrans.

Pwofesè Relasyon Entènasyonal John Stremlau, kap anseye nan inivèsite "the Witwatersrand" nan Jojannesburg, di lè Afrik Di Sid resevwa m'sye Aristide lakay li, li rann kominote entènasyonal la yon sèvis ki plis ke nesesè. " Se pa sèlman Etazini ak Lafrans ki kontan msye Aristide jwenn ladesant isit la. Karikòm, Kominote Karayib la; Inyon Afrikèn nan ak Nasyonzini jwenn yon avantay nan absans m'sye Aristide pou kounye a nan rejyon karayib la, nan moman Ayiti ap travèse yon lòt tranzisyon difisil."

Pwofesè Stremlau kontinye pou l' di "toujou genyen yon risk moral lè w'ap akeyi sa li rele "move lidè". Men li ajoute, moun pa dwe konpare dosye dwa zimen Aristide ak dosye okenn lòt ansyen dirijan ayisyen... e ke Aristide gen posibilite pou l' jwe yon wòl konstriktif nan avni Ayiti. "Mwen panse, nou petèt nan yon meyè pozisyon kounye a pou n' asire'n ke Aristide pa tounen nan okenn mannyè yon fòs "sent-entewonp" nan afè Ayiti... e ke, an reyalite, li ka reprezante yon resous a lon tèm pou konstwi yon pon rekonsilyasyon nan Karayib la, paske tou lòt jou la te gen manifestasyon anfavè Aristide nan vl Pòtoprens."

Ayiti genyen yon kokenn enpòtans pou prezidan Thabo M'beki ak anpil sid afriken, paske li se premye kote sou latè yon revòlt esklav te debouche sou fòmasyon yon Eta endepandan. An plis de sa, Afrik Di Sid ap chèche tabli rapò avèk dyaspora afriken an nan peyi tankou Ayiti.

XS
SM
MD
LG