Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ayisyen Jean-Bertrand Aristide Dwe Rive Johannesburg, Afrik Di Sid, Lendi 31 Me a. - 2004-05-30


Afrik Di Sid anonse dimanche m'sye Aristide ap rive lendi nan Pretoria, kote gouvènman an fè konnen lap vini tanmen yon ekzil tanporè. Nan yon kominike prezidan sid afriken an, Thabo M'beki, pibliye dimanch 30 me a, li anonse li pral akeyi ofisyèlman m'sye Aristide, madanm li e ak 2 pitit fi yo nan ayewopò Jonannesburg la. Yo dwe debake a 2 zè nan apre midi nan Johannesburg, swa 8 tè di maten lè Washington (12h.00 TUC). Kominike a endike tou ansyen prezidan ayisyen an va reponn kesyon jounalis yo madi nan yon koferans pou lapress. Gouvènman sid afriken an presize msye Aristide pral viv nan kapital la, Pretoria, san presize pou konbyen tan. Nan koumansman mwa me a, yon pòtpawòl sid afriken te fè konnen m'sye pral kapab rete Afrik Di Sid juskaske l' ka retounen Ayiti. Lidè opozisyon sid afriken yo kritike desizyon gouvènman Thabo M'beki a pou l' akeyi e bay ansyen prezidan Aristide--yon nonm ki gen akizasyon vyolasyon dwa moun sou do li--ladesant nan peyi a ak lajan kontribiab yo. Se yon avyon avèk anblèm Afrik Di Sid nan ke li ki te vinn chèche m'sye Aristide ak madanm li, Mildred, ansanm ak 2 ti pitit fi yo nan Kingstown, Jamayik, anba gwo mezi sekirite. Yon lòt kote, se lendi 31 me a twoup militè ameriken ki ann Ayiti yo dwe koumanse pase mayèt la bay gadyen lapè Nasyonzini yo. Samdi yon ekip sòlda brezilyen rive nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, pou prepare transfè kòmandman an.

XS
SM
MD
LG