Accessibility links

Breaking News

Efò Sekou yo ap Kontinye nan Zòn ki Sibi Dega Inondasyon ann Ayiti ak Repiblikk Dominikèn; Etazini Voye Kondoleyans li bay Ayiti e li Pwomèt pou l Kontinye bay Asistans pou Viktim yo - 2004-05-28


Ekip Nasyonzini ak la Kwa Wouj ap travay ansanm pou koòdone efò pou voye manje ak medikaman nan zòn ke inondasyon ravaje nan zile Ispagnola a.

Sekouris yo deklare kèk wout bloke. Sòlda ameriken ki nan tèt fòs milti nasyonal la sèvi ak elikoptè pou transpòte manje nan vilaj Mapou, youn nan zòn ki pi afekte yo. Sekouris yo krent pou kantite moun ki mouri yo pa rive jiska 2 mil.

Enjenyè Pinchinat Pierre Louis, youn nan koòdonatè Ofis Pwoteksyon Sivil la an Ayiti di nou yo sansibilize popilasyon an aprè spesyalis meteo yo prevwa lapli pandan weekend nan.

XS
SM
MD
LG