Accessibility links

Breaking News

Evèk Depatman Sidès la, Mgr Guire Poulard, Mande Gouvènman Santral la Pote Asistans Prese-Prese Pou Rejyon Sinistre yo. - 2004-05-28


Otorite legliz katolik nan Depatman Sidès Ayiti yo gen kè sote pou yon epidemi maladi pa eklate nan awondisman Belle-Anse lan ke inodasyon an frape pi di pase tout lòt zòn nan rejyon an. Monseyè Guire Poulard eksprime kè sote li devan dram inodasyon an pote nan dyosèz li a e l' mande otorite yo nan Pòtoprens pran dispozisyon san pèdi tan pou evite ke kadav moun ak bèt mouri ki pral koumanse dekonpoze pa kale lòt vye zòdis maladi nan Mapou ak Grand-Gosier--2 rejyon kote dlo a fè plis dega ak viktim nan awondisman Belle-Anse lan--si se pa nan tout Sidès la.

Yon korespondans Jean Martinez.

XS
SM
MD
LG