Accessibility links

Breaking News

Prezidan Boniface Alexandre Dekrete yon Jou Dèy Nasyonal Pou Viktim Inondasyon yo. - 2004-05-27


Antretan, ekip sekou yo ap prese pote èd ak ekipman nan Mapou, kote mil (1.000) moun ta pèdi lavi yo dapre chif ofisyèl responsab yo bay. Men bilan ki pa ofisyèl la estime 1.800 moun ta mouri nan sinist la nan sektè ayisyen an. Nan Jimani, Repiblik Dominikèn, sekouris yo di yo jwenn 350 kadav.

Fòs estabilizasyon Lèzetazuni ap dirije Ayiti a pote dlo pou moun bwè ak lòt ekipman nan Mapou ki, dapre responsab ayisyen yo, pratikman neye anba dlo. Se yon kouss “contre la montre” twoup miltinasyonal yo ap fè puiske espesyalis meteyo nan repiblik karayibeyen an anonse lapli pral rekoumanse tonbe sou rejyon an. Gwo lapli ki tonbe nan koumansman semèn nan, ravaje e pote ale plizyè bidonvil e antere anbitan yo, ni nan peyi dAyiti ni nan Repiblik Dominikèn. Dapre yon estimasyon, 2 mil 150 kretyen-vivan ta peri sou zile Hispaniola a ke Ayiti pataje ak Repiblik Dominikèn nan.

Premye minis ayisyen an, Gérard Latortue, anonse li debloke plis pase 260 mil dola èd pou sinistre yo e gouvènman Boniface-Latortue an dekrete yon jounen dèy nasyonal vandredi nan memwa viktim yo.

Koute Korespondans Rotchild François Jr. sou dosye sa a.

XS
SM
MD
LG