Accessibility links

Breaking News

Prezidan Alexandre Boniface ak Premye Minis Gérard Latortue Vizite Sinistre Fonds-Verettes yo. - 2004-05-26


Bilan pwovizwa moun ki mouri nan iondasyon ki frape Fonds-Verettes la rive 158 moun. Men responsab pwoteksyon sivil nan depatman Sidès la, Margareth Martin, di 200 moun, pou pi piti, ta peri nan lavalas lapli ak labou ki frape rejyon bouk Fonds-Verettes la, nan peyi dAyiti. Nan vil Jimani, nan Repiblik Dominikèn, otorite yo rapòte 135 mô ak 200 moun ki pa reponn alapèl; men sanble kantite a kapab rive pi wo toujou.

Korespondan nou, Rotchild François Jr., ki rapòte n' vizite 2 dirijan ayisyen yo nan lokalite sinistre a, fè n' konnen fòs miltinasyonal ki aktyèlman Ayiti a ap pote konkou l' nan efò sekou yo.

XS
SM
MD
LG