Accessibility links

Breaking News

Inondasyon Fè Prèske 200 Mò Nan Sendomeng ak Ayiti - 2004-05-25


Otorite ak temwen fè konnen prèske 200 moun jwenn lanmò nan gwo inondasyon ki frape Repiblik Dominikèn ak Repiblik d Ayiti nan 2 jou ki sot' pase yo. Toupre fwontyè a, lavalas desann, flèv Solie debòde, e pou pi piti gen 100 moun ki mouri nan vil Jimani.

Sou bò pa Ayiti a, otorite yo konte omwen 60 mò, tandiske plis pase 30 lòt moun pèdi lavi yo nan rejyon sidès Ayiti, kote gwo lapli pa sispann tonbe. Klike sou lyen ki anlè atik sa a si ou vle tande repòtaj nou an, an detay.

XS
SM
MD
LG