Nouvèl pwomès èd sa a rive 3 semèn apre vizit premye minis pwovizwa Gérard Larortue te fè Washington nan, kote chèf gouvènman ayisyen an te di sekretè d’Eta Colin Powell “rebelyon ki te debouche sou depar msye Aristide nan fen mwa fevriye a te pratikman detwi enfrastrikti ekonomik nasyon an”.
Nan epòk vizit la, msye Powell te pwomèt pou’l gade nan bidjè depatman D’Eta a pou wè si’l pa ta jwenn kòb pou ede Ayiti.
Nan yon “point de presse” lendi nan Depatman d’Eta, pòt pawòl la msye Richard Boucher, deklare 100 milyon dola sa yo, se relika lajan ki sòti nan divès lòt pwogram ki pat depanse...e’l pral sèvi pou ede gouvènman pwovizwa ayisyen an retabli elektrisite ak lòt sèvis de baz nan peyi a e ede gouvènman an fè fas ak defisi bidjetè gouvènman Aristide la kite a.
Pòtpawòl Boucher di, lajan sa a pral sèvi tou pou ede remete sou pye fòs polis ak systèm judisyè peyi a epi finanse eleksyon ane kap vini an.
Msye Boucher di“nan peyi D’Ayiti, nou genyen yon gouvènman ki gen yon tandans demokratik; gouvènman sa a pran angaman pou’l retabli bon jan demokrasi ann Ayiti e remèt pouvwa a bay pèp la atravè eleksyon. Yon bon pati nan kòb sa a pral sèvi pou sa. Youn nan bagay nou pral ede fè se:retabli mekanism jistis ak mekanism polis la, ki nesesè pou yon gouvènman demokratik.”
Nouvo angajman sa a preske miltipliye pa 3, èd 60 milyon asistans Lèzetazini ap bay Ayiti ane sa a--- yon èd ki pou pi fò vinn sou fòm manje ak lòt asistans imanitè.
Msye Boucher di “Lèzetazuni rete peyi ki bay Ayiti pi plis kontribisyon”; e’l eksprime espwa ke nouvo angajman sa a va sèvi yon ekzanmp pou lòt peyi ki pral patisipe nan Konferans Donatè Pou Ayiti a ki dwe dewoule nan mitan mwa Jiyè a nan kapital kanadyèn nan, Otawa.
Lèzetazini se pi gwo kontribitè tou nan fòs miltinasyonal 3 mil 600 zòm ki nan peyi a e kap ede mentni lapè ak lòd depi depar msye Aristide pou ekzil 29 fevriye 2004 la. Lòt peyi kap patisipe nan fòs sa a se Canada Chili ak La France. Fòs Stabilizasyon an dwe sede plas la bay yon kontenjan 8 mil Kask Bleu L’Onu ak fòs polis entènasyonal nan mwa Jen kap vini an.