Sou rezo Entènèt la, fanmcreole egziste deja. fanmcreole.com se yon lakou, ou pito yon peyi, yon mond, kote fanm ki gen fòs ak kouray, fanm ki chaj' ak lespwa, fanm byen fèt, fanm tèt drèt, bèl fanm, fanm lakay, fanm isit, jwenn yon espas pou yo pataje, pou yo reflechi...e fè nou reflechi.
Vèsyon ekri eksperyans sa a se FanmCreole Magazine. Jodi a, nou envite Mérosa Romélus, chèf redaksyon jounal la ak sit web la, pou li pale nou non sèlman de antrepriz sa a, men tou di nou kichòy sou lavi pa l'. Klike sou lyen anwo tèks sa a si ou ta renmen tande vwa Mérosa ak kòmantè pa nou yo.