Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo Mete Ansyen Senatè Lavalas Yvon Feuillé Sou Siveyans Nan Kad Yon Ankèt Pou Dwòg. - 2004-05-21


Korespondan Sèvis Kreyòl la, Rotchild François Jr., fè n' konnen mezi sa a gen pou wè ak yon afè dwòg zòt ta lage nan Depatman Sid la. Dapre sa menm responsab la endike, gen yon ansyen manm sekirite rapwoche èks prezidan Jean-Bertrand Aristide ki tonbe tou anba menm desizyon an. Yon lòt kote, ansyen militè demobilize fòs miltinasyonal la te kondi 18 me dènye a nan Komisarya polis Pòtoprens la pou posesyon zam lou refize kite lokal polis la san zam yo ke fòs sekirite yo konfiske.

Se 2 prensipal tèm kap domine aktyalite a ann'Ayiti nan koumansman wikenn (week-end) 16/23 me a.

XS
SM
MD
LG