Konsèy Sekirite Nasyonzini an adopte yon rezolisyon ki kondane lanmò plizyè sivil palestinyen nan kan refijye Rafah a. Etazini, ki te poze veto sou plizyè rezolisyon Konsèy la te vle adopte nan sans sa a, deside pa patisipe nan vòt kondanasyon an. Dokiman an, ke peyi Arab yo te prezante pase avèk 14 vwa pou e zewo kont. Sèl peyi ki pat pote-kole ak majorite a, se Etazini.
Se premye fwa depi septanm 2002 Etazini asteni li nan yon vòt Konsèy Sekirite a pou kondane Izrayèl. Asistan-anbasadè ameriken nan l'Onu an, James Cunningham, di sa k' eksplike desizyon sa a se kè sote Washington devan lanmô moun nan Rafah yo. Msye Cunningham kontinue pou l' di: pandan nou kwè Izrayèl gen dwa defann tèt li ak sitwayen li, nou pa wè operasyon lap mennen nan Gaza depi 2 dènye jou yo sèvi kòz lapè ni sekirite. Sitiasyon imanitè a vinn pi mal avèk operasyon yo ki debouche sou konfwontasyon ant fòs izraelyen ak palestinyen yo e, nou pa kwè, yo ranfòse sekirite Izrayèl.
Nan yon diskou devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an, reprezantan palestinyen an, Nasser Al-Kidwa, kalifye atak Izrayèl sou sivil palestinyen nan Rafah a kòm yon zak teworism dEta.