Sondaj ki te fèt avan eleksyon yo te deja endike pa tap gen yon 2 zièm tou e msye Fernandez tap ranpòte eleksyon yo ak yon maj 15 pou 100.
Paul Emile, ki se responsab yon Sant Kiltirèl Ayisyano Domiken nan santo Domingo, di nou divizyon an dedan Pati Revolisyonè Dominiken an ak la vi chè se kèk nan koz defèt msye Mejia.
Pandanstan, ansyen chèf yon brigad polis nasyonal ayisyèn nan, Rudy Therassan, te sipoze parèt nan yon tribinal federal nan Miami lendi 17 me, kote la jistis ta pral akuze l fòmèlman dèske li te fè konplo pou fè dwòg antre Ozetazini.
Biwo Ameriken ki regle zafè dwòg la di deklarasyon ki sòti nan 4 sous konfidansyèl fè konnen Rudy Therassan te resevwa lajan pou fasilite kokayinn pase ann Ayiti pou rive Ozetazini. Deklarasyon sa yo pretann ke mesye Therassan te patisipe nan asasinay gouvènman an te òdone nan mwa fevriye 2003-- yon akizasyon ansyen chèf brigad lapolis la demanti lè l di li menm ak lòt ofisye polis yo te aji pou defann tèt yo.
Mesye Therassan te dirije yon brigad Polis nasyonal la sòti nan ane 2001 jis nan mwa out 2003 a. Se 2e ofisyèl la polis ki jwen arestasyon l depi demisyon ak depa Jean Bertrand-Aristide nan tèt pouvwa ann Ayiti nan finisman mwa fevriye a.