Premye Minis ayisyen an, Gérard Latortue, k'ap fè yon vizit ann Ewòp, mande kominote entènasyonal la asistans finansye ki nesesè pou ede l' travèse peryòd tranzisyon an, yon peryòd ki difisil, daprè li. Korespondan nou Rotchild François Jr. di nou msye Latortue lanse apèl sa a nan moman l' ap pare li pou rankontre prezidan franse a, Jacques Chirac nan vil Paris.