Yon responsab nan Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an di enstitisyon an pap pran twòp tan pou li kòmanse enskri elektè pou vòt ki gen pou dewoule nan peyi a nan 2 mil 5 la. Korespondan nou Rotchild François Jr. di nou KEP a ap pran dispozisyon sa yo, malgre Pati Fanmi Lavalas poko nonmen reprezatan n' nan konsèy la.