Sou tèm Se pou Libète Sonnen, Etazini ap obsève Jounen Nasyonal Priyè a. Atravè tout peyi a, moun ap priye Bondye, y'ap mande padon ak benediksyon e y'ap reklame bon direksyon pou nasyon an ak dirijan n' yo. Nan okazyon sa a, Paj Relijyon an rankontre yon lidè relijye ayisyen nan rejyon Washington, DC a, Rev. Charles Henri Bonhomme. Klike sou lyen anwo atik sa a pou w'koute kòmantè l' yo.