Accessibility links

Breaking News

Chèf Gouvènman Ayisyen an, Gérard Latortue, Mande Peyi CARICOM yo  Nòmalize Relasyon yo ak Ayiti - 2004-05-06


Nan jounen mèkredi a, sekretè Deta ameriken an Colin Powell te fè yon rankont ak premye minis Latorue isit Washington. Aprè rankont sa a Msye Powell te deklare lap chèche plis asistans finansye pou Ayiti. Lèzetazini pwomèt Ayiti 20 milyon dola nouvo asistans pou apwiye efò mentyen lapè yo, pou ede program asistans durjans yo e pou ede tabli demokrasi ann Ayiti.

Bò kote pa l, premye minis Latortue fè konnen otorite Ayisyen yo ap chèche rebati stil gouvènman demokratik la nan peyi a nan moman yap fè fas ak domaj ekonomik yo te anrejistre nan dènye zak vyolans yo.

Msye La Tortue deklare,“Ayiti fèk sòt fè fas ak kèk moman difisil, kote yo detwi enfrastrikti ekonomik la ann antye. Nap chèche retabli yon klima konfyans nan Ayiti. Nap chèche parèt ak bonjan gouvènamn demokratik, e nap chèche mete demokrasi nan peyi a. Yè, avan’m te kite Ayiti, nou te enstale yon nouvo konsèy elektoral e nou espere ke konsèy sa a pral kòmanse travay pou òganize eleksyon nan peyi a an 2005; epi yon nouvo gouvènman pral prete sèman pou pita nan dat 7 fevriye 2006.”

Otorite ameriken yo fè konnen sekretè deta Colin Powell ansanm ak premye minis Latortue te fè diskisyon sou plan pou ranplase fòs sekirite ki gen Etazini nan tèt li a ann Ayiti pou mete nan plas li yon fòs mentyen lapè nasyon zini kap gen ladan l anviron 8 mil sòlda ak polisye.

Korespondan nou Rotchild Francois Junior akonpaye delegasyon premye minis La Tortue a. Rotchild di nou respondab OEA yo byen akeyi premye minis la Tortue nan vizit li fè nan jounen jedi a.

XS
SM
MD
LG