Men kèk nan pwen k'ap domine aktyalite a nan domèn relijyon, pou semèn ki sot' pase a. Apre gwo eksplozyon tren ki fèt 22 avril 2004 la nan Kore di Nò, divès òganizasyon èd ki baze nan legliz anonse yon pwogram asistans prese-prese pou viktim yo. Se konsa, ADRA, ou Ajans Sekou ak Devlòpman Advantis la, ap dirije yon pwojè nan tèt ansanm ak OMS, Òganizasyon Mondyal Sante, pou pote ekipman medikal, manje, elatriye bay sila yo ki afekte, nan vil Ryongchon.
Nan Irak, patriyaka kaldeyen an ak nonsyati apostolik Baghdad la entèvni pou yo wè si ya jwenn liberasyon moun ki ann otaj yo, san yo pa fè twòp bri, dapre sa Patriyach Emmanuel 3 deklare bay ajans près Konferans episkopal peyi Itali, 28 avril pase a.
Nan Vatikan, Souvren Pontif la, Pap Jan-Pòl II publiye jedi 29 avril la mesaj li prepare pou Jounen Mondyal Misyonè yo, malgre jounen sa a pral rive jouk 17 oktòb. Tèm ane sa a se Ekaristi ak Misyon. Mesaj lepap la, ki pibliye nan lang Alman, Anglè, Espànyòl, Fransè, Italyen ak Pòtigè di nan papòt twazyèm milenè a, efò misyonè Legliz Katolik se yon travay ki dwe fèt prese-prese ak angajman tout fòs fidèl yo. Pap la di defi sosyal e relijye limanite ap afwonte kounye a se yon rezon anplis pou kwayan yo renouvle zèl misyonè yo.
Nap fini ti rezime nouvèl relijyez jodi a nan peyi Kiba, kote gouvènman Fidel Castro a sot’ kondane yon avoka Kretyen kap defann dwa moun pou li pase 4 an nan prizon. Pètèt nou tande nouvèl la deja, men nou ka pat’ konnen veritab pwoblèm msye te bay gouvènman kominis kiben an. Ebyen Juan Carlos Gonzalez Leiva, ki avèg 2 je, te tonbe anba akizasyon manke-prezidan-an-dega e reziste-devan-chèf, poutèt li te reyini ak 9 lòt aktivis kretyen nan yon lopital lokal, pou priye ak yon jounalis polis te atake. Gwoup la te antre nan lopital la e yo te lanse slogan tankou Viv Dwa Kretyen Vivan, Jezikris se Wa e li Vivan. Yo te arete yo tousuit, se te an 2002, e pwosè semèn pase a fini ak yon vèdik 4 an prizon pou avoka avèg la, men y'ap pèmèt li sibi pèn nan lakay li, kidonk en résidence surveillée.